Foto Album pri yon jaden kontakte nou Angle
Bel Jaden se yon pwogram kole zepol avek peyizan nan peyi Dayiti kap travay nan agrikilti. Se yon pwogram ki envite tout Ayisien konsekan vinn envesti,nou di bien,envesti avek peyizan.

Rebwazman paka fet nan bouch, ni li paka fet nan charite, Pou rezon sa yo, si nou vle pwoteje anviwonman e pèmèt peyizan e ou menm tou rantre yon ti kob nan pòch nou. nou envite ou jwen pwogram sa. Bel Jaden ap konekte w avek yon kominote ki pare pou li fe yon jaden asosye avek ou, plante fwi, legim ki kapap vann pou pwofi tout moun. Pwogram sa ouvri pou tout moun, endividi, oganizasyion, group legliz, diaspora ...

Pwogram Bel Jaden ap itilize tout kalite teknoloji tankou kamera dijital, entenet , imel, video pou kreye yon kolaborasyon ant Ayisyen kiltivate/plante, agronom avek Ayisyen tou patou pou asire ke aktivite sa ekonomik baze sou respe ak konesans tout moun e ke li se yon reysiti pou tout


Preparé....
Plantè travay avek agronom, teknisyen pou preparé pepinyè, grefaj e angrè pou fwi tankou ceriz, grenadia, zoranj, fè grefaj pou mango, kokoye, moringa

Planté....
Plantè mete tè disponib pou yo plante kokoye, mango, zaboka tou nan lisye te yo epi plante manyok, piman, goromou ak tout lot kalite legim

Pwodwi....
pwodiksyon fwi e legim ki kapap vann nan mache lokal, nan mache la vil e menm ekspote nan mache intenasyonal. Pwofi pou abitan, pou envestise, e tout kominote a
SAK RESPONSAB PWOGRAM SA...

Pwogram sa se yon kolaborasyon ant oganizayion Ayisien ki an Ayiti e a legranje. Li gen ladanl
CAPAS : Centre d'Appui a la Production Agricole du Sud
EDEM : Education et Development des Enfants d'Haiti
GREATS.A : Groupe d'Exportation/Importation et de l'Avancement du Tourisme en Haiti

Chak oganizasyion jwe yon wol enpotan pou asire kominikasyon ant envestise yo, seta di peyizan e moun ki ap envesti avek li a.

CAPAS se yon oganizasyon ki baze nan Sid peyi d'Ayiti avek anpil eksperians nan travay avek gwoup kominote, kontrole kalite pwodwi, ekspote pwodwi nan peyi etranje oganizasyon sa dirije pa agronom Isaac Cherestal ki gen plis pase 20 tan nan domen lan.

    Sa CAPAS responsab
  • CAPAS responsab preparasyon teknisyen ki pral travay avek peyizan yo e asire reisit pwoje a sou plas.
  • CAPAS ap an chay marketing avek vant prodwi yo pou asire yon pwofi pou tout envestise.
pou plis enfomasyion sou CAPAS, klike la

EDEM se yon oganizasyion ki tabli nan Boston, Massachusetts kap ede jen nan pwogram devlopman. Nan kad pwogram Bel Jaden, EDEM gen rol pou li fe pwomosyion pwoje a a trave diaspora

    Rol EDEM
  • Itilize tout teknoloji ki disponib pou li mete bon kominikasyion ant envestise e travaye
  • Chache oganizasyon ki vle sipote e envesti nan pwoje a
  • Mete tout enfomasyon ke nou ka jwen disponib pou ke pwoje a byen mache
  • Transfere fon ak donasyion bay CAPAS pou gere pwoje a
GREAT S.A. se yon sosyete anonim ki konfe nan Okay pou sipote developman a trave inpotasyion/Ekspotasyion e touris. Great travay avek jen nan Okay e nan Ile-a-Vache (gade sit www.ile-a-vache.com ke GREAT fe)
    Rol GREAT S.A
  • Chache moun avek oganizasyion ki vle envesti a tit envestise prive nan pwoje Bel Jaden an
  • Chache yon debouche pou van pwodwi lokal ki fet nan Bel Jaden nan mache entenasyonal
  • Fe Marketing pou pwoje a ka vanse nan domen sekte prive
  • kreyasyon sit sa e trouve tout kalite dokiman ki fa itil plante, agronom e envestise

SAK FET DEJA...

Chak gwoup sa yo ap travay pou met pwogram nan sou pye kom sa dwa. Se a trave kolaborasyon sa ke nou kwe ke rebwazman ka avanse. Yon kolaborasyon ant plante, agrikilte, agronom avek Ayisien konsekan ki vle envesti nan vre resous peyi a ki se la te.

    Sak Fet
  • CAPAS gi gen lekol fomasyion teknisyen agrikol deja prepare plisye jen pou travay avek plantè.
  • CAPAS deja mennen anket e li jwenn plante ki pare pou envesti te yo.
  • Fondasyion EDEM bay yon don de de mil ($2000) ameriken pou komanse 2 pwoje Bel Jaden, yon nan zon Placid (nan Okay) avek non nan zile Ile-a-vache.
  • Fondasyon EDEM avek CAPAS chwazi de jen teknisyen agrikol pou travay nan Plasid avek Ile-a-Vache pou pwochen 3 mwa sa yo pou komanse pwoje a.
  • Gen jaden ki deja prepare pou plante Moringa, Mango, Grenadia, Seriz, manyok avek lot pwodwi.
  • GREAT S.A ap travay avek mashe sipemaket (supermarket) nan Etazini pou we si yo ka achet legim nan men plante Bel Jaden
  • GREAT S.A ap travay pou kreye yon gwoup envestise a letranje ki ta vle fe ti jade pa yo
  • GREAT S.A. fe rankont avek majistra Ile-a-Vache pou pale yo de pwoje Bel Jaden

KOMAN MWEN KA PATISIPE...

Avan tou, nou vle raple tout moun ke se yon envestisman ke yap fe, e envestisman se risk donk tankou yo di li tout kote, peson pa garanti pwofi, men si nou travay ansanm, fe tout efo ke nou kapab, nou ka gen bon rezilta. nou rekomande tout moun ou byen oganizasyon pou rele pou plis enfomasyon agronom Isaac Cherestal an Ayiti nan 509-485-2433 (isaaccherestal@yahoo.fr) pou plis enfomasyon sou pwoje a ou byen rele Patrick Lucien (patrick@greatsa.com) nan 508-904-7491 nan Boston, Massachusetts.

    Pou pasitipe
  • Nempot moun kap patisipe, nap voye yon deskription pwoje Bel Jaden, se ke nou vle plante, konbyen moun ki pral travay nan jaden an, konbyen li ka koute e sa nou ta atann kom pwofi.
  • Nap mande tout moun pou ranpli yon fom, enfomasyon pou nou ka kontakte.
  • Apre nap mete w an kontak avek teknisyen agrikol ki an chaj zon ke ou chwazi a. (Plasid ou bien Ile-a-Vache)
  • CAPAS ap responsab gesyon tout fon an Ayiti, EDEM avek GREAT S.A ap ede a letranje.
  • Depi koneksyon an etabli, nap asire w ke chak mwa gen swivi ki fet e ke ou gen nouvel jaden an.
  • Nap mete a dispozisyion teknisyen yo, kamera digital, entenet, imel pou gen yon bon koneksyon ant plante/envestise
  • Si posib, nou ka fe Video kote nou fe entrevi avek plante ke nou ka menm mete sou sit la
  • Plis gen envestise, plis ap gen plante, plis nap rebwaze, plis plante ap fe kob, plis WAP fe kob.
  • Rampli fom sa epi nap pran kontak ave w pa tro lontan

E SIM TA VLE VIZITE...

Se tap avek jwa ke nou ap resevwa tout vizite. Agronom Isaac rete pa two lwen Aeopo Okay e li gen fason pou li akeyi w a de bra louvri pou li al montre w jaden e rankontre plante avek teknisyen. Pa blye ke GREAT ap fe pwomosyon touris. Nan tan kounye a gen sa yo rele agro-touris ki se yon fom touris ki ankouraje visit sit agrikol e aprann an men tan.