Exported picture Transpo Aktivite Istwa Ile-a-vache byenveni

.

Ou pa ka di ou vizite Ile-à-Vache si ou pa pase nan Zile Lanmou (island of love), yon ti longè sab tou blan nan mitan lanmè a, kote ou ka mennen mennaj ou al pran dejene oubyen manjemidi… Si ou vle, ou ka menm tou pote bag la avèk ou, e tou mande dam nan fyanse oubyen marye pandan ou la. .


.

Lè wap tounen soti nan Zile Lanmou, fè yon kanpe bò Zile pechè yo pou gade kòman yon ti kominote pechè viv an pè lajounen kou lannuit ak fanmi yo sou bèl zile sa a ki a kèk minit Ile-à-Vache.

Pa bliye pran kèk pwason tounen Ile-à-Vache.


.

Isit nan Ile-à-Vache pechè yo ap pote fruidemè ki pi fre ki soti direkteman nan lanmè zòn nan.

Goute tout kalite fruidemè zòn nan, goute bon jan lanbi fre, pwason rouj oubyen oma, oubyen tou pote kèk pou lakay ou.

Pwofite eseye peche. Apran kijan pou lage yon filè oubyen gade kijan pechè nan zòn nan aprann peche.


.

Menm si Ile-à-Vache parèt trankil, se yon kominote ki chaje ak aktivite e kote moun resevwa vizitè de bra louvri.

Vin pase yon ti tan avèk nou. Pran plezi nou nan foutbòl, ak lòt aktivite kiltirèl.

Na va pale ou de bèl zile nou an.


.

Lè nap vizite Ile-à-Vache, panse kite yon ti souvni pa nou de pasaj nou nan zòn nan.

Pase 5 minit tan nou pou nou pataje konesans nou ak moun yo, pale yo kote nou soti, pase yon ti tan ak timoun yo, ba yo yon kado anvan nou pati.

E pi enpòtan, rete an kontak avèk moun yo, menm lè nou tounen lakay nou.